Legal
Politik Konfidansyalite
Dènye mizajou: 21/10/2026
1. Ki enfòmasyon nou kolekte
Lè w kreye yon kont sou 509 Sororie, nou kolekte non ou, imèl ou, ak modpas ou (ki toujou ankripte, nou pa janm ka wè l an klè). Si w vin Fòmatè/Fòmatris, nou ka kolekte tou vil ou, espesyalite ou, ak yon byografi.
2. Peman
Peman fèt manyèlman atravè Moncash/Natcash. Nou kenbe referans tranzaksyon ou bay yo pou verifye peman an — nou pa janm kolekte nimewo kat kredi oswa enfòmasyon bankè.
3. Kouki ak sesyon
Nou itilize yon sèl kouki pou kenbe w konekte (sesyon). Li pa itilize pou swiv ou sou lòt sit.
4. Kominikasyon
Nou ka voye w imèl pou konfime aksyon ou fè sou platfòm nan (enskripsyon, apwobasyon, kòmand). Si w abòne nan newsletter la, nou ka voye w nouvèl 509 Sororie.
5. Kontak
Pou nenpòt kesyon sou done pèsonèl ou, kontakte nou nan contact@509sororie.com.